Atlèt Ayisyen nan Seremoni Ouvèti Jezolenpik d Ete Paris 2024 yo Public Domain  — Atlèt Ayisyen yo te patisipe nan seremoni ouvèti Jezolenpik Paris 2024 yo, ki te dewoule anba lapli, Vandredi 26 Jiyè, 2024. ... Lavwadlamerik 9 hr
Netanyahu Rankontre Responsab Ameriken yo Public Domain  — MAR-A-LAGO, FLORID — Donald Trump akeyi Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu lakay li nan eta FLorid, pou premye rankont fas-a-fas yo depi prèske 4 an. Mesye yo ap chache repare lyen ki te andomaje pandan prezidans li epi prezante tvt li kom alye ak chèf deta. Trump te fache ak Netanyahu poutèt misye te felisite Joe Biden pou viktwa li nan eleksyon 2020 an kote li te fè fas ak Trump. Rankont Vandredi a taka ede jefo Repibliken yo ap fè pou prezante tèt yo kom pati ki pi lwayal ak Izrayèl. Pou Netanyahu, reparasyon relasyon ak Trump se yon enperativ - etan done ke misye tak revinn prezidan Etazini - yon peyi ki se prensipal founisè zam ak pwotektè peyi Izrayèl. Yon lot kote nan Washington, Netanyahu te fè chita tande ak Prezidan Joe Biden ak Vis Prezidan Kamala Harris nan Lamezonblanch Jedi. Nan komantè li te fè devan jounalis yo, Netanyahu te remèsye Biden pou 50 ane sèvis piblik ak sipo li pou eta Ebre a. Biden ap mete prezsyon sou Izrayèl pou l siyen yon antant ak Hamas pou lage otaj ki toujou nan men militan yo nan Gaza. Plan li pwopoze a gen 3 faz. Si li reyusi se tap yon gwo akonplisman nan palmarès Demokrat la ki gen 81 an, e ki deside bay kous prezidansyèl la vag epi andose vis prezidan li, Harris. Lamezon Blanch di yo prèske finn negosye men gen kestyon ki rete pou rezoud. Vis Prezidan Kamala Harris, ki te rankontre Netanyahu separeman,  fè konnen li ankouraje misye pou l antann ni sou plan seselfe a ak Hamas la pi vit posib. "Ann siyen antan la pou ka gen yon seselfe pou mete fen nan lage a. Ann mennen otaj yo lakay yo epi ann bay pèp Palestinyen an asistans li tèlman bezwen an." Harris di jounalis yo li te gen yon konvèsasyon "onèt ak konstriktiv" ak Netanyahu Jedi, kote li afime dwa Izrayèl genyen poul defann tèt li men tou, eksprime gwo kè sote li genyen pa rapo ak pakèt moun ki mouri nan Gaza pandan 9 mwa konfli a, epi sityasyon imanitè "ijan" ki egziste lot bo a. Tout je brake sou prezime kandida prezidansyèl pati Demokrat la. Li reitere an gran pati, mesaj Prezidan Joe Biden nan ki se ke li lè pou fini lagè a men li ofri yon ton pi egzijan e pi ijan nan mesaj pa l. ... Lavwadlamerik 9 hr
Celine Dion Remonte sou Sèn nan pou Seremoni Ouvèti Jezolenpik yo Public Domain  — PARIS — Chantez Celine Dion remonte sou sèn nan Vandredi kote li chante mizik klasik Edith Pieaf la, "L'Hymne A l'Amour" pou klotire seremoni ouvèti Jezolenpik Paris yo. Vedèt la, ki gen 56 zan deklare nan fen ane 2022 a, ke lap soufri ak yon maladi nerolojik ra ki rele "sendwom ko rèd" ki koze spasm nan misk yo. Sendrom sa a lakoz misk yo vin rèd epi li ogmante sansibilite li vizavi son, sansasyon ak men, epi nempot ki bagay ki stimile emosyon ka deklanche atak. Kondisyon sa a te lakoz chantez la, ki ranpote plizyè pri Grammy, pou l anile tout spektak li te planifye pou ane 2023 ak 2024 yo. Chantez Kanadyèn nan te tanmen karyè li ak chanson Franse, pa prezante okenn spektak an dirèk depi mwad Mas 2020, lè li te pèfome nan New Jèrze. Dion, ki gen renome pou chanson ki te sèvi kom tèm film "Titanic" la, an palan de "My Heart Will Go On," te tonbe anba je spektatè Madi epi deklanche bwi kom kwa li tapral patisipe nan seremoni ouvèti Jezolenpik yo. ... Lavwadlamerik 10 hr
RANDEVOU: Sabotaj nan Sistèm Tren an nan Paris Jou Ouvèti Je Olenpik la Public Domain  — Randevou 26 jiyè 2024: Sabotaj nan Sistèm Tren an nan Paris Jou Ouvèti Je Olenpik la ... Lavwadlamerik 11 hr
RANDEVOU: Sabotaj nan Sistèm Tren an nan Paris Jou Ouvèti Je Olenpik la Public Domain  — Randevou 26 jiyè 2024: Sabotaj nan Sistèm Tren an nan Paris Jou Ouvèti Je Olenpik la ... Lavwadlamerik 12 hr
Harris di Netanyahu 'Li Lè' pou Mete Fen nan Lagè Gaza a epi Ede Otaj yo Retounen Lakay yo Public Domain  — WASHINGTON (AP) — Vis-prezidan Kamala Harris di li te mande Premye Minis Izraelyen an, Benjamin Netanyahu, pou l rive jwenn yon akò pou kanpe goumen ak Hamas la epi pou pèmèt plizyè douzèn otaj toujou nan Gaza depi atak 7 oktòb la kapab retounen lakay yo. ... Lavwadlamerik 12 hr
Gran Tit: Nouvèl Entènasyonal pou 26 Jiyè, 2024 Public Domain  — VOA 60: Barack ak Michelle Obama andose Kamala Harris ... Lavwadlamerik 12 hr
Edikasyon: Òganizasyon ki rele ‘Education Cannot Wait’ Vizite Ayiti Public Domain  — ‘Education Cannot Wait ‘, Edikasyon Pa Ka Tann, yon òganizasyon entènasyonal ki milite nan domèn edikasyon, vizite Ayiti nan lide pou sipòte pwojè ki genyen nan sektè sa. Oganizasyon an ki te gen pou akonpaye li Minis Edikasyon Nasyonal la, Augustin Antoine, vizite lise Pétion-Ville la pou koumanse. ... Lavwadlamerik 12 hr
Politik: Yon Komisyon Pou Evalye Dekrè 20 mas 2020 an Public Domain  — Nan Potoprens ayè jedi a te gen enstalasyon yon komisyon 9 manm, ki la pou evalye dekrè 20 mas 2020 an ki gen rapò ak aplikasyon kòd penal la. Komisyon an gen 10 mwa devan li pou li remèt rapò travay li. Reyaksyon ansyen senatè Jean Renel Sénatus. ... Lavwadlamerik 12 hr
Anbasad Ayiti nan Paris Oganize yon Resepsyon pou Atlet Ayisyen ki Pral Patisipe nan Jezolenpik yo Public Domain  — Anbasad d Ayiti nan vil Paris oganize yon resepsyon pou atlet Ayisyen ki pral patisipe nan Jezolenpik d Ete yo. Jounalis VOA Kreyol Francklin Edouard Gedem's te sou plas. ... Lavwadlamerik 12 hr
Jezolenpik: Sabotaj nan Sistèm Tren Paris Public Domain  — Dife pran nan sistèm rezo tren eletrik fransè a lakoz mete vwayajè nan gwo latwoublay avan ouvèti Jezolenpik Paris 2024 la yo. ... Lavwadlamerik 12 hr
Etazini Arete 2 Lidè Katèl Sinaloa Meksik la: 'El Mayo' Zambada ak pitit gason 'El Chapo' Public Domain  — Depatman Jistis Ameriken an di Ismael "El Mayo" Zambada, yon lidè depi lontan nan katèl Sinaloa Meksik la, ak Joaquín Guzmán López, yon pitit gason yon lòt lidè katèl la, yo te jwenn arestasyon p pa otorite nan Texas. ... Lavwadlamerik 12 hr
Lajistis mande jij la pou l pa Jete Kondanasyon Trump nan Dosye Kriminèl li a Public Domain  — NEW YORK (AP) — Lajistis mande yon jij pou l respekte kondanasyon istorik Donald Trump sou nan dosye legal New York li a sa ki gen rapò ak lajan ankachèt ke ansyen avoka li te peye yon atis pòno pou ka anpeche li pale. ... Lavwadlamerik 12 hr
Ayiti Fete 69 Lane Mizik Konpa Dirèk Public Domain  — Nan lide pou fete 69 lane konpa dirèk la,ministè kilti ak kominikasyon nan tèt kole ak live promo te òganize yon sware gala nan otèl El Rancho, plizyè atis ak pèsonalite ki andedan sektè mizik la te prezan. ... Lavwadlamerik 12 hr
Jezolenpik Paris yo Fè Fas ak Difikilte Public Domain  — Paris — Jezolenpik Paris yo derape ak difikilte. Otorite Franse yo sispèk yon moun sabote rezo tren gran vitès li a, epi syèl nyaje ak seren menase seremoni ouvèti espektakilè yap pare nan kapital fransèz la. Se yon jou ki gen yon enpotans kapital pou lafrans ak Paris. Plizyè douzèn chèf deta vwayaje nan vil la pou asiste ouvèti Jezolenpik yo e yon odyans global pral suiv nan televizyon. Sepandan, otorite Fransèz yo ap kouri pou yo eseye jere divès enteripsyon. Yo blame atak sabotaj ki dewoule lanuit la pou enteripsyon liy tren gran vitès yo. Syèl nuaje ki genyen sou Paris menm, kreye yon anbyans sonb. ... Lavwadlamerik 12 hr
Netanyahu Rankontre Trump nan Mar-a-Lago Public Domain  — WASHINGTON (AP) — Donald Trump pale fas a fas ak Premye Minis Izraelyen Benjamin Netanyahu pou premye fwa nan prèske kat ane. ... Lavwadlamerik 12 hr
Etazini Arete 2 Lidè Katèl Sinaloa Meksik la: 'El Mayo' Zambada ak Pitit Gason 'El Chapo' Public Domain  — WASHINGTON (AP) — Depatman Jistis Ameriken an di Ismael "El Mayo" Zambada, yon lidè depi lontan nan katèl Sinaloa Meksik la, ak Joaquín Guzmán López, pitit gason yon lòt lidè katèl la, jwenn arestasyon yo nan Texas. ... Lavwadlamerik 12 hr
Elektè Venezyelyen yo Ap Fè Fas ak chwa Enpòtan: Re-eli Maduro Oswa Bay Opozisyon an yon Chans Public Domain  — CARACAS, Venezyela (AP) — Venezyelyen yo gen yon desizyon enpòtan devan yo wikenn sa . ... Lavwadlamerik 12 hr
Harris di Li Pare pou Fè Deba ak Trump Public Domain  — WASHINGTON (AP) — Vis Prezidan Kamala Harris di repòtè yo ke li "pare pou debat Donald Trump." ... Lavwadlamerik 13 hr
Barack ak Michelle Obama Andòse Kamala Harris Public Domain  — ATLANTA (AP) — Ansyen Prezidan Barack Obama ak ansyen premye dam Michelle Obama andose Kamala Harris pou eleksyon prezidansyèl 2024 la. Yo bay vis prezidan an sipò espere men ki toujou enpòtan paske yo se Demokrat ki pi popilè nan peyi a. ... Lavwadlamerik 13 hr
Sak Pase Ayiti Public Domain   Lavwadlamerik 15 hr
50% Elèv Lekòl Ayisyen Pral Benefisye Kantin Skolè Public Domain  — Kòdonatris jeneral pwogràm kantin skolè a ( PNCS) , mis Djina Guillet Delatour, anonse lane akademik 2024-2025 la anviwon 50 pousan elèv lekòl pral benisye kantin skolè atravè peyi an.Li fè anons la, nan yon seremoni ki make 27 lane kreyasyon enstitisyon l ap dirije a. ... Lavwadlamerik 1 d
Konseye Prezidansyèl Emmanuel Vertilaire fè Deklarasyon Patrimwan li Public Domain  — Konseye prezidansyèl Emmanuel Vertilaire fè deklarasyon Patrimwan li yè mèkredi 24 jiyè 2024 lan nan grèf tribinal sivil premye enstans Potoprens ... Lavwadlamerik 1 d
RANDEVOU: Rankont Biden Netanyahu nan Mezon Blanch la Public Domain  — Randevou 26 jiyè 2024: Rankont Biden Netanyahu nan Mezon Blanch la ... Lavwadlamerik 1 d
Ayiti: PM Garry Conille Mobilize Gouvènman an Pou Batay Kont Ensekirite a Public Domain  — Premye minis Garry Conille mobilize gouvènman AK lòt antite nan administrasyon piblik la nan lide pou Konbat ensekirite nan 14 komin nan depatman Lwès ak Latibonit. ... Lavwadlamerik 1 d
LaTiki Gen Entansyon Jere Popilasyon Chyen Peyi a Public Domain   Lavwadlamerik 1 d
Reyaksyon Depaman Ozetazini Apre Diskou Netanyahu Public Domain  — Gen apil reyaksyon depaman apre diskou Netanyahu nan kongrè ameriken an . ... Lavwadlamerik 1 d
RANDEVOU: Rankont Biden Netanyahu nan Mezon Blanch la Public Domain  — Randevou 26 jiyè 2024: Rankont Biden Netanyahu nan Mezon Blanch la ... Lavwadlamerik 1 d
Fatra Nan Balon Kore Di Nò Voye nan Sid la Tonbe sou yon Bilding Prezidansyèl Public Domain  — SEOUL — Fatra ki te nan omwens yon balon Kore di Nò voye nan Sid la tonbe sou yon seri bilding prezidansyèl nan Kore di Sid. Sa ogmante kè sote otorite yo pa rapò ak enstalasyon kle Kore di Sid yo pandan Nò Koreyen yo kontinye ak pwovokasyon yo. Sèvis Sekirite a di fatra a pat gen okenn materyèl danjre e pèson pat blese. Dènye seri balon Kore di Nò lanse yo ateri Mèkredi, kèk jou sèlman apre Kore di Sid te ogmante emisyon mizik K-Pop ak pwopagann lap difize yo. Kore di Nò di balon li yo se repons li fas ak trak ki gen pwopagann ke militan Sid Koreyen yo lage nan Nò a. Kore di Sid di balon Nò a te voye nan pase a te gen aparèy ki fè balon yo sote epi epapiye fatra a nan lè a. Men ekspè yo di Kore di Nò pwobableman pa gen kapasite pou l lage fatra a sou sib presi. ... Lavwadlamerik 1 d
Manifestasyon Pa Sispann nan Kenya Public Domain  — Manifestasyon pa sispann nan Kenya malgre li pwopoze amannman nan lwa anti koripsyon e nonmen nouvo minis ki gen kèk manm opozisyon an ladan l. ... Lavwadlamerik 1 d
Biden di Lap 'Pase Flanbo a' nan Yon Diskou Nasyonal Depi Biwo Oval la Public Domain  — Prezidan Joe Biden deklare Mèkredi li deside rale ko l nan kous prezidansyèl la kont Donald Trump akoz kè sote li genyen pou avni peyi Etazini. Se premye komantè piblik li fè depi anons li pibliye Dimanch pou fè konnen li kite kous la. ... Lavwadlamerik 1 d
Gran Tit: Nouvèl Entènasyonal pou 25 Jiyè, 2024 Public Domain  — VOA 60: Biden di Etazini bezwen 'vwa nèf', 'vwa ki pi jèn' ... Lavwadlamerik 1 d
Prezidan Ajantin Milei Vwayaje Paris pou Rankontre Macron Apre Gwo Pale Anpil Chanson Rasis Jwè Fout... Public Domain   Lavwadlamerik 1 d
Tantativ Asasina Kont Ansyen Prezidan Trump: Reyaksyon Harold Trunier Public Domain  — Tantativ Asasina Kont Ansyen Prezidan Trump: Harold Trunier Prezidan Direktè Jenera l Cpsota.Sécurité Inc. te pale ak VOA Kreyòl sou pwoblèm ki te genyen nan perimèt kote evènman an ta fèt la ... Lavwadlamerik 1 d
Sak Pase Ayiti Public Domain  — Sak Pase Ayiti ... Lavwadlamerik 1 d
Laos: Diplomat Ris Rankontre ak Tokay ak Chinwa Public Domain  — Chèf diplomasi Ris ak Chinwa te rankontre Jedi nan Vientiane, nan Laos. ... Lavwadlamerik 1 d
Astronòm yo Obsève yon Sipè Planèt Tou Pre yon Zetwal Public Domain   Lavwadlamerik 1 d
FBI Deklare Sispèk ki Tire Trump te Fè Rechèch Sou Asasina 'JFK' Public Domain  — Rechèch sou asasina John F. Kennedy an 1963, vòl dronn sou espas kote evènman kanpay Trump la tap fèt la, aparèy eksplozif ki kapab aktive a distans: se detay sa yo envestigasyon FBI ap mennen sou tantativ Asasina kont Trump la revele. ... Lavwadlamerik 1 d
Harris Denonse Manifestan ki Boule Drapo Ameriken Pandan Yon Manifestasyon Anti-Netanyahu Public Domain  — Kamala Harris denonse Jedi 25 jiyè aksyon li dekri kòm "malpouwount" ak "antipatriyotik" ke manifestan yo te fè apre yo te boule yon drapo ameriken. ... Lavwadlamerik 1 d
Paris: Yon Ris Pami Moun ki Jwenn Arestasyon yo Pou Konplo Pou Fè Dezòd nan Jez Olenpik yo Public Domain  — PARIS (AP) — Otorite fransè yo di ke yo te kraze plizyè konplo ki te gen objektif pou deranje jez olenpik 2024 yo. ... Lavwadlamerik 1 d
Diskou Prezidan Biden Pou Nasyon an Public Domain  — Diskou Prezidan Biden Pou Nasyon an ... Lavwadlamerik 2 d
Polisye New York Vin Bay Èd nan Washington Public Domain  — NYPD polisye vil New York te prezan mèkredi 24 jiyè a nan Washington DC pou ede sekirize vil la nan moman premye minis Izrayelyen an tap vizite kongrè ameriken an ... Lavwadlamerik 2 d
Biden Eksplike Retrè li Se Pou "Inifye" Pati Demokrat la Public Domain  — Prezidan ameriken Joe Biden eksplike Mèkredi ke li abandone kous pou yon dezyèm manda paske li te vle "ini" Pati Demokrat la anvan eleksyon prezidansyèl ki pwograme pou Novanm kont ansyen prezidan Donald Trump. ... Lavwadlamerik 2 d
Biden di Amerik 'Pi Fò' Pase 'Nenpòt Tiran' Public Domain   Lavwadlamerik 2 d
Trump Akize VP Kamala Harris Dèske li Vle Fè "Egzekisyon Tibebe" ak Ajanda Avòtman li a Public Domain  — Pandan yon miting politik Mèkredi, Donald Trump akize nouvo rival li ki gen anpil chans reprezante pati Demokrat la nan eleksyon Novanm lan. ... Lavwadlamerik 2 d
Joe Biden fè lwanj Kamala Harris, yon fanm "ki gen eksperyans e ki fò". Public Domain  — Joe Biden chante lwanj Mèkredi pou vis-prezidan li a Kamala Harris, ki vin ranplase l kòm kandida nan eleksyon prezidansyèl Novanm nan, e ke li kalifye kòm yon fanm ki gen "eksperyans e ki fò". ... Lavwadlamerik 2 d
Pou Hamas, diskou Netanyahu nan Kongrè Ameriken an mete moun nan "erè" Public Domain  — Hamas kritike Mèkredi diskou Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu nan Kongrè Ameriken an, diskou ki, dapre òganizasyon an, "twonpe" kominote entènasyonal la. ... Lavwadlamerik 2 d
Diskou Prezidan Biden Pou Nasyon Public Domain  — Diskou Biden nan Mezon Blanch a 8è mèkredi 24 jiyè a apre li te bay kandidati li vag pou eleksyon prezidansyèl 2024 yo. ... Lavwadlamerik 2 d
Biden Pral Itilize Diskou Nasyonal li Pou Esplike Poukisa Li Deside Bay Kous Prezidansyèl la Vag Public Domain  — WASHINGTON — Prezidan Joe Biden pral ensiste Mèkredi ke "defans demokrasi" pi enpotan pase okenn tit, pandan diskou nasyonal li depi Biwo Oval Lamezonblanch la. Biden gen entansyon esplike desizyon li pran pou l kite tonbe kanpay pou l re-eli prezidan epi bay Vis Prezidan Kamala Harris sipo li. Diskou a se pral yon premye chans pou piblik la tande nan bouch Biden rezon ki fè li kite kous la apre li te pase plizyè semèn ap ensiste li se kandida ki pi byen plase pou fè fas ak Donald Trump. Biden dekri Trump tankou yon menas egzistansyèl pou demokrasi Etazini. Se pral yon chans tou pou Biden eseye enfliyanse fason moun va wè premye e sèl manda prezidansyèl li nan listwa. ... Lavwadlamerik 2 d
Gran Tit: Nouvèl Entènasyonal pou 24 Jiyè, 2024 Public Domain  — VOA 60: Netanyahu di Kongrè a, Izrayèl ak Etazini dwe 'rete ini' ... Lavwadlamerik 2 d